< תְהִלִּים 56 >

לַמְנַצֵּ֤חַ ׀ עַל־יֹ֬ונַת אֵ֣לֶם רְ֭חֹקִים לְדָוִ֣ד מִכְתָּ֑ם בֶּֽאֱחֹ֨ז אֹתֹ֖ו פְלִשְׁתִּ֣ים בְּגַֽת׃ חָנֵּ֣נִי אֱ֭לֹהִים כִּֽי־שְׁאָפַ֣נִי אֱנֹ֑ושׁ כָּל־הַ֝יֹּ֗ום לֹחֵ֥ם יִלְחָצֵֽנִי׃ 1
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath. Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An” Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
שָׁאֲפ֣וּ שֹׁ֭ורְרַי כָּל־הַיֹּ֑ום כִּֽי־רַבִּ֨ים לֹחֲמִ֖ים לִ֣י מָרֹֽום׃ 2
Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout (sila) ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
יֹ֥ום אִירָ֑א אֲ֝נִ֗י אֵלֶ֥יךָ אֶבְטָֽח׃ 3
Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
בֵּאלֹהִים֮ אֲהַלֵּ֪ל דְּבָ֫רֹ֥ו בֵּאלֹהִ֣ים בָּ֭טַחְתִּי לֹ֣א אִירָ֑א מַה־יַּעֲשֶׂ֖ה בָשָׂ֣ר לִֽי׃ 4
Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
כָּל־הַ֭יֹּום דְּבָרַ֣י יְעַצֵּ֑בוּ עָלַ֖י כָּל־מַחְשְׁבֹתָ֣ם לָרָֽע׃ 5
Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.
יָג֤וּרוּ ׀ יַצְפִּינוּ (יִצְפֹּ֗ונוּ) הֵ֭מָּה עֲקֵבַ֣י יִשְׁמֹ֑רוּ כַּ֝אֲשֶׁ֗ר קִוּ֥וּ נַפְשִֽׁי׃ 6
Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.
עַל־אָ֥וֶן פַּלֶּט־לָ֑מֹו בְּ֝אַ֗ף עַמִּ֤ים ׀ הֹורֵ֬ד אֱלֹהִֽים׃ 7
Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
נֹדִי֮ סָפַ֪רְתָּ֫ה אָ֥תָּה שִׂ֣ימָה דִמְעָתִ֣י בְנֹאדֶ֑ךָ הֲ֝לֹ֗א בְּסִפְרָתֶֽךָ׃ 8
Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
אָ֥֨ז יָ֘שׁ֤וּבוּ אֹויְבַ֣י אָ֭חֹור בְּיֹ֣ום אֶקְרָ֑א זֶה־יָ֝דַ֗עְתִּי כִּֽי־אֱלֹהִ֥ים לִֽי׃ 9
Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
בֵּֽ֭אלֹהִים אֲהַלֵּ֣ל דָּבָ֑ר בַּ֝יהוָ֗ה אֲהַלֵּ֥ל דָּבָֽר׃ 10
Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
בֵּֽאלֹהִ֣ים בָּ֭טַחְתִּי לֹ֣א אִירָ֑א מַה־יַּעֲשֶׂ֖ה אָדָ֣ם לִֽי׃ 11
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
עָלַ֣י אֱלֹהִ֣ים נְדָרֶ֑יךָ אֲשַׁלֵּ֖ם תֹּודֹ֣ת לָֽךְ׃ 12
Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
כִּ֤י הִצַּ֪לְתָּ נַפְשִׁ֡י מִמָּוֶת֮ הֲלֹ֥א רַגְלַ֗י מִ֫דֶּ֥חִי לְ֭הִֽתְהַלֵּךְ לִפְנֵ֣י אֱלֹהִ֑ים בְּ֝אֹ֗ור הֽ͏ַחַיִּֽים׃ 13
Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.

< תְהִלִּים 56 >