< תְהִלִּים 26 >

לְדָוִ֨ד ׀ שָׁפְטֵ֤נִי יְהוָ֗ה כִּֽי־אֲ֭נִי בְּתֻמִּ֣י הָלַ֑כְתִּי וּבַיהוָ֥ה בָּ֝טַ֗חְתִּי לֹ֣א אֶמְעָֽד׃ 1
Yon sòm David Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
בְּחָנֵ֣נִי יְהוָ֣ה וְנַסֵּ֑נִי צְרֹופָה (צָרְפָ֖ה) כִלְיֹותַ֣י וְלִבִּֽי׃ 2
Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.
כִּֽי־חַ֭סְדְּךָ לְנֶ֣גֶד עֵינָ֑י וְ֝הִתְהַלַּ֗כְתִּי בַּאֲמִתֶּֽךָ׃ 3
Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou.
לֹא־יָ֭שַׁבְתִּי עִם־מְתֵי־שָׁ֑וְא וְעִ֥ם נַ֝עֲלָמִ֗ים לֹ֣א אָבֹֽוא׃ 4
Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk (sila) k ap pran poz yo.
שָׂ֭נֵאתִי קְהַ֣ל מְרֵעִ֑ים וְעִם־רְ֝שָׁעִ֗ים לֹ֣א אֵשֵֽׁב׃ 5
Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.
אֶרְחַ֣ץ בְּנִקָּיֹ֣ון כַּפָּ֑י וַאֲסֹבְבָ֖ה אֶת־מִזְבַּחֲךָ֣ יְהוָֽה׃ 6
Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
לַ֭שְׁמִעַ בְּקֹ֣ול תֹּודָ֑ה וּ֝לְסַפֵּ֗ר כָּל־נִפְלְאֹותֶֽיךָ׃ 7
pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.
יְֽהוָ֗ה אָ֭הַבְתִּי מְעֹ֣ון בֵּיתֶ֑ךָ וּ֝מְקֹ֗ום מִשְׁכַּ֥ן כְּבֹודֶֽךָ׃ 8
O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.
אַל־תֶּאֱסֹ֣ף עִם־חַטָּאִ֣ים נַפְשִׁ֑י וְעִם־אַנְשֵׁ֖י דָמִ֣ים חַיָּֽי׃ 9
Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
אֲשֶׁר־בִּידֵיהֶ֥ם זִמָּ֑ה וִֽ֝ימִינָ֗ם מָ֣לְאָה שֹּֽׁחַד׃ 10
nan men a (sila) ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
וַ֭אֲנִי בְּתֻמִּ֥י אֵלֵ֗ךְ פְּדֵ֣נִי וְחָנֵּֽנִי׃ 11
Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras.
רַ֭גְלִי עָֽמְדָ֣ה בְמִישֹׁ֑ור בְּ֝מַקְהֵלִ֗ים אֲבָרֵ֥ךְ יְהוָֽה׃ 12
Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.

< תְהִלִּים 26 >