< תְהִלִּים 25 >

לְדָוִ֡ד אֵלֶ֥יךָ יְ֝הוָ֗ה נַפְשִׁ֥י אֶשָּֽׂא׃ 1
Yon sòm David A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
אֱ‍ֽלֹהַ֗י בְּךָ֣ בָ֭טַחְתִּי אַל־אֵבֹ֑ושָׁה אַל־יַֽעַלְצ֖וּ אֹיְבַ֣י לִֽי׃ 2
O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
גַּ֣ם כָּל־קֹ֭וֶיךָ לֹ֣א יֵבֹ֑שׁוּ יֵ֝בֹ֗שׁוּ הַבֹּוגְדִ֥ים רֵיקָֽם׃ 3
Anverite, nanpwen nan (sila) ki tann Ou yo ki va wont; (sila) ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
דְּרָכֶ֣יךָ יְ֭הוָה הֹודִיעֵ֑נִי אֹ֖רְחֹותֶ֣יךָ לַמְּדֵֽנִי׃ 4
Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ; enstwi m nan chemen Ou yo.
הַדְרִ֘יכֵ֤נִי בַאֲמִתֶּ֨ךָ ׀ וְֽלַמְּדֵ֗נִי כִּֽי־אַ֭תָּה אֱלֹהֵ֣י יִשְׁעִ֑י אֹותְךָ֥ קִ֝וִּ֗יתִי כָּל־הַיֹּֽום׃ 5
Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen, Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen; se Ou m ap tann tout lajounen.
זְכֹר־רַחֲמֶ֣יךָ יְ֭הוָה וַחֲסָדֶ֑יךָ כִּ֖י מֵעֹולָ֣ם הֵֽמָּה׃ 6
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
חַטֹּ֤אות נְעוּרַ֨י ׀ וּפְשָׁעַ֗י אַל־תִּ֫זְכֹּ֥ר כְּחַסְדְּךָ֥ זְכָר־לִי־אַ֑תָּה לְמַ֖עַן טוּבְךָ֣ יְהוָֽה׃ 7
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
טֹוב־וְיָשָׁ֥ר יְהוָ֑ה עַל־כֵּ֤ן יֹורֶ֖ה חַטָּאִ֣ים בַּדָּֽרֶךְ׃ 8
Bon e plen ladwati, se SENYÈ a; pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
יַדְרֵ֣ךְ עֲ֭נָוִים בַּמִּשְׁפָּ֑ט וִֽילַמֵּ֖ד עֲנָוִ֣ים דַּרְכֹּֽו׃ 9
Li dirije enb yo nan jistis, e Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
כָּל־אָרְחֹ֣ות יְ֭הוָה חֶ֣סֶד וֶאֱמֶ֑ת לְנֹצְרֵ֥י בְ֝רִיתֹ֗ו וְעֵדֹתָֽיו׃ 10
Tout chemen Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou (sila) ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.
לְמַֽעַן־שִׁמְךָ֥ יְהוָ֑ה וְֽסָלַחְתָּ֥ לַ֝עֲוֹנִ֗י כִּ֣י רַב־הֽוּא׃ 11
Pou koz a non Ou, O SENYÈ, padone inikite mwen, paske li anpil.
מִי־זֶ֣ה הָ֭אִישׁ יְרֵ֣א יְהוָ֑ה יֹ֝ורֶ֗נּוּ בְּדֶ֣רֶךְ יִבְחָֽר׃ 12
Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
נַ֭פְשֹׁו בְּטֹ֣וב תָּלִ֑ין וְ֝זַרְעֹ֗ו יִ֣ירַשׁ אָֽרֶץ׃ 13
Nanm li va viv alèz. Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
סֹ֣וד יְ֭הוָה לִירֵאָ֑יו וּ֝בְרִיתֹ֗ו לְהֹודִיעָֽם׃ 14
Lamitye SENYÈ a se pou (sila) ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.
עֵינַ֣י תָּ֭מִיד אֶל־יְהוָ֑ה כִּ֤י הֽוּא־יֹוצִ֖יא מֵרֶ֣שֶׁת רַגְלָֽי׃ 15
Zye m toujou vè SENYÈ a, paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
פְּנֵה־אֵלַ֥י וְחָנֵּ֑נִי כִּֽי־יָחִ֖יד וְעָנִ֣י אָֽנִי׃ 16
Vire vè mwen e fè m gras, paske mwen abandone e aflije.
צָרֹ֣ות לְבָבִ֣י הִרְחִ֑יבוּ מִ֝מְּצֽוּקֹותַ֗י הֹוצִיאֵֽנִי׃ 17
Twoub a kè m yo vin plis. Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
רְאֵ֣ה עָ֭נְיִי וַעֲמָלִ֑י וְ֝שָׂ֗א לְכָל־חַטֹּאותָֽי׃ 18
Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.
רְאֵֽה־אֹויְבַ֥י כִּי־רָ֑בּוּ וְשִׂנְאַ֖ת חָמָ֣ס שְׂנֵאֽוּנִי׃ 19
Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
שָׁמְרָ֣ה נַ֭פְשִׁי וְהַצִּילֵ֑נִי אַל־אֵ֝בֹ֗ושׁ כִּֽי־חָסִ֥יתִי בָֽךְ׃ 20
Gade nanm mwen e delivre mwen. Pa kite m vin wont, paske mwen pran refij nan Ou menm.
תֹּם־וָיֹ֥שֶׁר יִצְּר֑וּנִי כִּ֝֗י קִוִּיתִֽיךָ׃ 21
Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, paske se Ou m ap tann.
פְּדֵ֣ה אֱ֭לֹהִים אֶת־יִשְׂרָאֵ֑ל מִ֝כֹּ֗ל צָֽרֹותָיו׃ 22
Delivre Israël, O Bondye, sou tout twoub li yo.

< תְהִלִּים 25 >