< תְהִלִּים 146 >

הַֽלְלוּ־יָ֡הּ הַלְלִ֥י נַ֝פְשִׁ֗י אֶת־יְהוָֽה׃ 1
Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
אֲהַלְלָ֣ה יְהוָ֣ה בְּחַיָּ֑י אֲזַמְּרָ֖ה לֵֽאלֹהַ֣י בְּעֹודִֽי׃ 2
Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
אַל־תִּבְטְח֥וּ בִנְדִיבִ֑ים בְּבֶן־אָדָ֓ם ׀ שֶׁ֤אֵֽין לֹ֥ו תְשׁוּעָֽה׃ 3
Pa mete konfyans nan prens yo. Nan lòm mòtèl, nan (sila) nanpwen Sali a.
תֵּצֵ֣א ר֭וּחֹו יָשֻׁ֣ב לְאַדְמָתֹ֑ו בַּיֹּ֥ום הַ֝ה֗וּא אָבְד֥וּ עֶשְׁתֹּנֹתָֽיו׃ 4
Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
אַשְׁרֵ֗י שֶׁ֤אֵ֣ל יַעֲקֹ֣ב בְּעֶזְרֹ֑ו שִׂ֝בְרֹ֗ו עַל־יְהוָ֥ה אֱלֹהָֽיו׃ 5
A la beni (sila) ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, (sila) ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
עֹשֶׂ֤ה ׀ שָׁ֘מַ֤יִם וָאָ֗רֶץ אֶת־הַיָּ֥ם וְאֶת־כָּל־אֲשֶׁר־בָּ֑ם הַשֹּׁמֵ֖ר אֱמֶ֣ת לְעֹולָֽם׃ 6
Ki te fè syèl la avèk tè a, lanmè ak tout sa ki ladann. Ki fidèl jis pou tout tan.
עֹשֶׂ֤ה מִשְׁפָּ֨ט ׀ לָעֲשׁוּקִ֗ים נֹתֵ֣ן לֶ֭חֶם לָרְעֵבִ֑ים יְ֝הוָ֗ה מַתִּ֥יר אֲסוּרִֽים׃ 7
Ki egzekite jistis pou oprime yo. Ki bay manje a moun grangou yo. SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
יְהוָ֤ה ׀ פֹּ֘קֵ֤חַ עִוְרִ֗ים יְ֭הוָה זֹקֵ֣ף כְּפוּפִ֑ים יְ֝הוָ֗ה אֹהֵ֥ב צַדִּיקִֽים׃ 8
SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve (sila) ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
יְהוָ֤ה ׀ שֹׁ֘מֵ֤ר אֶת־גֵּרִ֗ים יָתֹ֣ום וְאַלְמָנָ֣ה יְעֹודֵ֑ד וְדֶ֖רֶךְ רְשָׁעִ֣ים יְעַוֵּֽת׃ 9
SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an.
יִמְלֹ֤ךְ יְהוָ֨ה ׀ לְעֹולָ֗ם אֱלֹהַ֣יִךְ צִ֭יֹּון לְדֹ֥ר וָדֹ֗ר הַֽלְלוּ־יָֽהּ׃ 10
SENYÈ a va renye jis pou tout tan, Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo. Louwe SENYÈ a!

< תְהִלִּים 146 >