< אֵיכָה 5 >

זְכֹ֤ר יְהוָה֙ מֶֽה־הָ֣יָה לָ֔נוּ הַבֵּיט (הַבִּ֖יטָה) וּרְאֵ֥ה אֶת־חֶרְפָּתֵֽנוּ׃ 1
Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.
נַחֲלָתֵ֙נוּ֙ נֶֽהֶפְכָ֣ה לְזָרִ֔ים בָּתֵּ֖ינוּ לְנָכְרִֽים׃ 2
Eritaj nou te bay kon don a etranje yo, kay nou yo a moun nou pa konnen.
יְתֹומִ֤ים הָיִ֙ינוּ֙ אֵין (וְאֵ֣ין) אָ֔ב אִמֹּתֵ֖ינוּ כְּאַלְמָנֹֽות׃ 3
Nou te devni òfelen san papa. Manman nou yo tankou vèv.
מֵימֵ֙ינוּ֙ בְּכֶ֣סֶף שָׁתִ֔ינוּ עֵצֵ֖ינוּ בִּמְחִ֥יר יָבֹֽאוּ׃ 4
Nou oblije achte dlo pou nou bwè. Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
עַ֤ל צַוָּארֵ֙נוּ֙ נִרְדָּ֔פְנוּ יָגַ֖עְנוּ לֹא (וְלֹ֥א) הֽוּנַֽח־לָֽנוּ׃ 5
Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou. Nou vin bouke nèt. Nanpwen repo pou nou.
מִצְרַ֙יִם֙ נָתַ֣נּוּ יָ֔ד אַשּׁ֖וּר לִשְׂבֹּ֥עַֽ לָֽחֶם׃ 6
Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.
אֲבֹתֵ֤ינוּ חָֽטְאוּ֙ אֵינָם (וְאֵינָ֔ם) אֲנַחְנוּ (וַאֲנַ֖חְנוּ) עֲוֹנֹתֵיהֶ֥ם סָבָֽלְנוּ׃ 7
Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.
עֲבָדִים֙ מָ֣שְׁלוּ בָ֔נוּ פֹּרֵ֖ק אֵ֥ין מִיָּדָֽם׃ 8
Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
בְּנַפְשֵׁ֙נוּ֙ נָבִ֣יא לַחְמֵ֔נוּ מִפְּנֵ֖י חֶ֥רֶב הַמִּדְבָּֽר׃ 9
Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.
עֹורֵ֙נוּ֙ כְּתַנּ֣וּר נִכְמָ֔רוּ מִפְּנֵ֖י זַלְעֲפֹ֥ות רָעָֽב׃ 10
Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.
נָשִׁים֙ בְּצִיֹּ֣ון עִנּ֔וּ בְּתֻלֹ֖ת בְּעָרֵ֥י יְהוּדָֽה׃ 11
Yo te ravaje tout fanm Sion yo; vyèj lavil a Juda yo.
שָׂרִים֙ בְּיָדָ֣ם נִתְל֔וּ פְּנֵ֥י זְקֵנִ֖ים לֹ֥א נֶהְדָּֽרוּ׃ 12
Prens yo te pann pa men yo; ansyen yo te vin pa respekte.
בַּחוּרִים֙ טְחֹ֣ון נָשָׂ֔אוּ וּנְעָרִ֖ים בָּעֵ֥ץ כָּשָֽׁלוּ׃ 13
Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
זְקֵנִים֙ מִשַּׁ֣עַר שָׁבָ֔תוּ בַּחוּרִ֖ים מִנְּגִינָתָֽם׃ 14
Ansyen yo ale kite pòtay la; jennonm yo ale kite mizik yo.
שָׁבַת֙ מְשֹׂ֣ושׂ לִבֵּ֔נוּ נֶהְפַּ֥ךְ לְאֵ֖בֶל מְחֹלֵֽנוּ׃ 15
Jwa nan kè nou vin sispann; danse vin ranplase pa fè dèy.
נָֽפְלָה֙ עֲטֶ֣רֶת רֹאשֵׁ֔נוּ אֹֽוי־נָ֥א לָ֖נוּ כִּ֥י חָטָֽאנוּ׃ 16
Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!
עַל־זֶ֗ה הָיָ֤ה דָוֶה֙ לִבֵּ֔נוּ עַל־אֵ֖לֶּה חָשְׁכ֥וּ עֵינֵֽינוּ׃ 17
Akoz sa, kè nou febli; akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
עַ֤ל הַר־צִיֹּון֙ שֶׁשָּׁמֵ֔ם שׁוּעָלִ֖ים הִלְּכוּ־בֹֽו׃ פ 18
Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.
אַתָּ֤ה יְהוָה֙ לְעֹולָ֣ם תֵּשֵׁ֔ב כִּסְאֲךָ֖ לְדֹ֥ר וָדֹֽור׃ 19
Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
לָ֤מָּה לָנֶ֙צַח֙ תִּשְׁכָּחֵ֔נוּ תַּֽעַזְבֵ֖נוּ לְאֹ֥רֶךְ יָמִֽים׃ 20
Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
הֲשִׁיבֵ֨נוּ יְהוָ֤ה ׀ אֵלֶ֙יךָ֙ וְנָשׁוּב (וְֽנָשׁ֔וּבָה) חַדֵּ֥שׁ יָמֵ֖ינוּ כְּקֶֽדֶם׃ 21
Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
כִּ֚י אִם־מָאֹ֣ס מְאַסְתָּ֔נוּ קָצַ֥פְתָּ עָלֵ֖ינוּ עַד־מְאֹֽד׃ 22
Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.

< אֵיכָה 5 >