< עָמוֹס 3 >

שִׁמְע֞וּ אֶת־הַדָּבָ֣ר הַזֶּ֗ה אֲשֶׁ֨ר דִּבֶּ֧ר יְהוָ֛ה עֲלֵיכֶ֖ם בְּנֵ֣י יִשְׂרָאֵ֑ל עַ֚ל כָּל־הַמִּשְׁפָּחָ֔ה אֲשֶׁ֧ר הֶעֱלֵ֛יתִי מֵאֶ֥רֶץ מִצְרַ֖יִם לֵאמֹֽר׃ 1
Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
רַ֚ק אֶתְכֶ֣ם יָדַ֔עְתִּי מִכֹּ֖ל מִשְׁפְּחֹ֣ות הָאֲדָמָ֑ה עַל־כֵּן֙ אֶפְקֹ֣ד עֲלֵיכֶ֔ם אֵ֖ת כָּל־עֲוֹנֹֽתֵיכֶֽם׃ 2
“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”
הֲיֵלְכ֥וּ שְׁנַ֖יִם יַחְדָּ֑ו בִּלְתִּ֖י אִם־נֹועָֽדוּ׃ 3
Èske de mache ansanm, san yo pa antann yo?
הֲיִשְׁאַ֤ג אַרְיֵה֙ בַּיַּ֔עַר וְטֶ֖רֶף אֵ֣ין לֹ֑ו הֲיִתֵּ֨ן כְּפִ֤יר קֹולֹו֙ מִמְּעֹ֣נָתֹ֔ו בִּלְתִּ֖י אִם־לָכָֽד׃ 4
Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
הֲתִפֹּ֤ל צִפֹּור֙ עַל־פַּ֣ח הָאָ֔רֶץ וּמֹוקֵ֖שׁ אֵ֣ין לָ֑הּ הֲיַֽעֲלֶה־פַּח֙ מִן־הָ֣אֲדָמָ֔ה וְלָכֹ֖וד לֹ֥א יִלְכֹּֽוד׃ 5
Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?
אִם־יִתָּקַ֤ע שֹׁופָר֙ בְּעִ֔יר וְעָ֖ם לֹ֣א יֶחֱרָ֑דוּ אִם־תִּהְיֶ֤ה רָעָה֙ בְּעִ֔יר וַיהוָ֖ה לֹ֥א עָשָֽׂה׃ 6
Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?
כִּ֣י לֹ֧א יַעֲשֶׂ֛ה אֲדֹנָ֥י יְהוִ֖ה דָּבָ֑ר כִּ֚י אִם־גָּלָ֣ה סֹודֹ֔ו אֶל־עֲבָדָ֖יו הַנְּבִיאִֽים׃ 7
Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
אַרְיֵ֥ה שָׁאָ֖ג מִ֣י לֹ֣א יִירָ֑א אֲדֹנָ֤י יְהוִה֙ דִּבֶּ֔ר מִ֖י לֹ֥א יִנָּבֵֽא׃ 8
Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?
הַשְׁמִ֙יעוּ֙ עַל־אַרְמְנֹ֣ות בְּאַשְׁדֹּ֔וד וְעַֽל־אַרְמְנֹ֖ות בְּאֶ֣רֶץ מִצְרָ֑יִם וְאִמְר֗וּ הֵאָֽסְפוּ֙ עַל־הָרֵ֣י שֹׁמְרֹ֔ון וּרְא֞וּ מְהוּמֹ֤ת רַבֹּות֙ בְּתֹוכָ֔הּ וַעֲשׁוּקִ֖ים בְּקִרְבָּֽהּ׃ 9
Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, ak sitadèl peyi Égypte yo. Di yo konsa: Rasanble nou sou mòn Samarie yo pou wè gwo zen ki anndan yo, ak opresyon ki nan mitan yo.
וְלֹֽא־יָדְע֥וּ עֲשֹׂות־נְכֹחָ֖ה נְאֻם־יְהוָ֑ה הָאֹֽוצְרִ֛ים חָמָ֥ס וָשֹׁ֖ד בְּאַרְמְנֹֽותֵיהֶֽם׃ פ 10
“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
לָכֵ֗ן כֹּ֤ה אָמַר֙ אֲדֹנָ֣י יְהוִ֔ה צַ֖ר וּסְבִ֣יב הָאָ֑רֶץ וְהֹורִ֤ד מִמֵּךְ֙ עֻזֵּ֔ךְ וְנָבֹ֖זּוּ אַרְמְנֹותָֽיִךְ׃ 11
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon lènmi va ranvwaye peyi a. Li va rale desann barikad ou yo, episitadèl ou yo va piyaje.”
כֹּה֮ אָמַ֣ר יְהוָה֒ כַּאֲשֶׁר֩ יַצִּ֨יל הָרֹעֶ֜ה מִפִּ֧י הָאֲרִ֛י שְׁתֵּ֥י כְרָעַ֖יִם אֹ֣ו בְדַל־אֹ֑זֶן כֵּ֣ן יִנָּצְל֞וּ בְּנֵ֣י יִשְׂרָאֵ֗ל הַיֹּֽשְׁבִים֙ בְּשֹׁ֣מְרֹ֔ון בִּפְאַ֥ת מִטָּ֖ה וּבִדְמֶ֥שֶׁק עָֽרֶשׂ׃ 12
Konsa pale SENYÈ a: Menm jan bèje a rache de janm soti nan bouch lyon an, oswa yon mòso zòrèy, konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, alèz sou bèl mèb yo, ak kousen swa yo sou kabann nan, va vin chape.
שִׁמְע֥וּ וְהָעִ֖ידוּ בְּבֵ֣ית יַֽעֲקֹ֑ב נְאֻם־אֲדֹנָ֥י יְהוִ֖ה אֱלֹהֵ֥י הַצְּבָאֹֽות׃ 13
“Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.
כִּ֗י בְּיֹ֛ום פָּקְדִ֥י פִשְׁעֵֽי־יִשְׂרָאֵ֖ל עָלָ֑יו וּפָֽקַדְתִּי֙ עַל־מִזְבְּחֹ֣ות בֵּֽית־אֵ֔ל וְנִגְדְּעוּ֙ קַרְנֹ֣ות הַמִּזְבֵּ֔חַ וְנָפְל֖וּ לָאָֽרֶץ׃ 14
“Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè.
וְהִכֵּיתִ֥י בֵית־הַחֹ֖רֶף עַל־בֵּ֣ית הַקָּ֑יִץ וְאָבְד֞וּ בָּתֵּ֣י הַשֵּׁ֗ן וְסָפ֛וּ בָּתִּ֥ים רַבִּ֖ים נְאֻם־יְהוָֽה׃ ס 15
Kay sezon livè a, Mwen va frape ansanm avèk kay sezon lete a. Kay livwa yo va vin peri, e gran mezon yo p ap la ankò,” di Senyè a.

< עָמוֹס 3 >