< תהילים 71 >

בך-יהוה חסיתי אל-אבושה לעולם 1
Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij. Pa janm kite mwen vin wont.
בצדקתך תצילני ותפלטני הטה-אלי אזנך והושיעני 2
Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou. Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
היה לי לצור מעון לבוא-- תמיד צוית להושיעני כי-סלעי ומצודתי אתה 3
Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, kote mwen kab vini tout tan. Ou te pase lòd pou sove mwen, paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen.
אלהי--פלטני מיד רשע מכף מעול וחומץ 4
Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
כי-אתה תקותי אדני יהוה מבטחי מנעורי 5
Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
עליך נסמכתי מבטן--ממעי אמי אתה גוזי בך תהלתי תמיד 6
Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
כמופת הייתי לרבים ואתה מחסי-עז 7
Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun, men se Ou ki fò refij mwen.
ימלא פי תהלתך כל-היום תפארתך 8
Bouch mwen plen avèk lwanj Ou ak glwa Ou tout lajounen.
אל-תשליכני לעת זקנה ככלות כחי אל-תעזבני 9
Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen. Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
כי-אמרו אויבי לי ושמרי נפשי נועצו יחדו 10
Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. (Sila) k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm,
לאמר אלהים עזבו רדפו ותפשוהו כי-אין מציל 11
Y ap di: “Bondye fin abandone li. Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
אלהים אל-תרחק ממני אלהי לעזרתי חישה (חושה) 12
O Bondye, pa rete lwen mwen. O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
יבשו יכלו שטני נפשי יעטו חרפה וכלמה--מבקשי רעתי 13
Kite (sila) ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap chache blese mwen.
ואני תמיד איחל והוספתי על-כל-תהלתך 14
Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan. Mwen va bay Ou lwanj plis toujou.
פי יספר צדקתך--כל-היום תשועתך כי לא ידעתי ספרות 15
Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.
אבוא--בגברות אדני יהוה אזכיר צדקתך לבדך 16
Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a. Mwen va pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
אלהים למדתני מנעורי ועד-הנה אגיד נפלאותיך 17
O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
וגם עד-זקנה ושיבה-- אלהים אל-תעזבני עד-אגיד זרועך לדור לכל-יבוא גבורתך 18
Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon (sila) a, ak pwisans Ou a tout (sila) k ap vini yo.
וצדקתך אלהים עד-מרום אשר-עשית גדלות אלהים מי כמוך 19
Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
אשר הראיתנו (הראיתני) צרות רבות-- ורעות תשוב תחינו (תחיני) ומתהמות הארץ תשוב תעלני 20
Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.
תרב גדלתי ותסב תנחמני 21
Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
גם-אני אודך בכלי-נבל-- אמתך אלהי אזמרה לך בכנור-- קדוש ישראל 22
Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen. A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita, O (Sila) Ki Sen an Israël la.
תרננה שפתי כי אזמרה-לך ונפשי אשר פדית 23
Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm pou nanm mwen ke Ou te rachte a.
גם-לשוני-- כל-היום תהגה צדקתך כי-בשו כי-חפרו מבקשי רעתי 24
Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, (Sila) ki te chache fè m mal yo.

< תהילים 71 >