< תהילים 148 >

הללו-יה הללו את-יהוה מן-השמים הללוהו במרומים 1
Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!
הללוהו כל-מלאכיו הללוהו כל-צבאו 2
Louwe Li, tout zanj Li yo. Louwe Li tout lame Li yo!
הללוהו שמש וירח הללוהו כל-כוכבי אור 3
Louwe Li, solèy ak lalin nan. Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
הללוהו שמי השמים והמים אשר מעל השמים 4
Louwe Li, pi wo syèl yo, ak dlo ki anwo syèl yo.
יהללו את-שם יהוה כי הוא צוה ונבראו 5
Kite yo louwe non SENYÈ a, paske Li te pase lòd, e sa te fèt.
ויעמידם לעד לעולם חק-נתן ולא יעבור 6
Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan. Li te pase yon dekrè ki p ap janm disparèt.
הללו את-יהוה מן-הארץ-- תנינים וכל-תהמות 7
Louwe SENYÈ a soti sou latè, gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
אש וברד שלג וקיטור רוח סערה עשה דברו 8
Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
ההרים וכל-גבעות עץ פרי וכל-ארזים 9
Mòn yo ak tout kolin yo, pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
החיה וכל-בהמה רמש וצפור כנף 10
Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo, sa ki trennen atè ak bèt ki vole yo,
מלכי-ארץ וכל-לאמים שרים וכל-שפטי ארץ 11
wa latè yo ak tout pèp yo, prens yo ak tout jij latè yo,
בחורים וגם-בתולות זקנים עם-נערים 12
ni jennonm, ni vyèj, granmoun ak timoun.
יהללו את-שם יהוה-- כי-נשגב שמו לבדו הודו על-ארץ ושמים 13
Kite yo louwe non SENYÈ a, paske se sèl non Li ki leve wo. Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
וירם קרן לעמו תהלה לכל-חסידיו-- לבני ישראל עם קרבו הללו-יה 14
Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.

< תהילים 148 >