< Zakari 7 >

1 Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.
Četvrte godine kralja Darija, četvrtoga dana devetoga mjeseca, Kisleva, dođe riječ Jahvina Zahariji.
2 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a,
Betel je naime poslao Sar-Esera i Regem-Meleka s njihovim ljudima da mole lice Jahvino
3 pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
i da pitaju svećenike u Domu Jahve nad Vojskama i proroke: “Hoćemo li plakati petoga mjeseca i postiti, kao što činimo već tolike godine?”
4 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Tada mi dođe riječ Jahve nad Vojskama: “Reci svemu puku zemlje i svećenicima:
5 “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?
'Kad postite i naričete petoga i sedmoga mjeseca već sedamdeset godina, zar meni postite?
6 Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
A kad jedete i pijete, zar sebi ne jedete i pijete?
7 Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
Nisu li to propisi koje je Jahve objavio preko negdašnjih proroka kada Jeruzalem bijaše naseljen i miran kao i gradovi oko njega i kada bijaše napučen Negeb i Šefela?'”
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di:
Riječ Jahvina dođe Zahariji:
9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
“Ovako govori Jahve nad Vojskama: 'Sudite istinito i budite dobrostivi i milosrdni jedni drugima.
10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
Ne tlačite udovu ni sirotu, ni došljaka ni uboga, i ne snujte u srcu pakosti jedan prema drugom.'
11 Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
Ali oni ne htjedoše poslušati, već prkosno okrenuše leđa; zatisnuše uši da ne bi čuli;
12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
otvrdnuše srcem kao kremen, da ne bi čuli Zakon i riječi koje im je slao Jahve nad Vojskama, svojim duhom, preko drevnih proroka. I Jahve nad Vojskama silno se tad razgnjevi.
13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.
I zato, kao što je on zvao a oni ga ne slušaše, tako su sad oni zvali a ja ih nisam slušao - riječ je Jahve nad Vojskama.
14 Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
I razmeo sam ih među sve narode kojih ne poznavahu, a zemlja iza njih bi opustošena, te nitko nije njome prolazio niti se vraćao. Tako su zemlju blagostanja obratili u pustoš!”

< Zakari 7 >