< Zakari 3 >

1 Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li.
He showed me Joshua the high priest standing before Yahweh’s angel, and Satan standing at his right hand to be his adversary.
2 SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
Yahweh said to Satan, “Yahweh rebuke you, Satan! Yes, Yahweh who has chosen Jerusalem rebuke you! Isn’t this a burning stick plucked out of the fire?”
3 Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan.
Now Joshua was clothed with filthy garments, and was standing before the angel.
4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
He answered and spoke to those who stood before him, saying, “Take the filthy garments off him.” To him he said, “Behold, I have caused your iniquity to pass from you, and I will clothe you with rich clothing.”
5 Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.” Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
I said, “Let them set a clean turban on his head.” So they set a clean turban on his head, and clothed him; and Yahweh’s angel was standing by.
6 Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di:
Yahweh’s angel solemnly assured Joshua, saying,
7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.
“Yahweh of Armies says: ‘If you will walk in my ways, and if you will follow my instructions, then you also shall judge my house, and shall also keep my courts, and I will give you a place of access among these who stand by.
8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.
Hear now, Joshua the high priest, you and your fellows who sit before you, for they are men who are a sign; for, behold, I will bring out my servant, the Branch.
9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou.
For, behold, the stone that I have set before Joshua: on one stone are seven eyes; behold, I will engrave its inscription,’ says Yahweh of Armies, ‘and I will remove the iniquity of that land in one day.
10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”
In that day,’ says Yahweh of Armies, ‘you will invite every man his neighbor under the vine and under the fig tree.’”

< Zakari 3 >