< Zakari 10 >

1 Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo. 2 Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kòn fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje. 3 Kòlè Mwen limen kont bèje yo. Mwen va pini mal kabrit yo, paske SENYÈ dèzame yo te vizite bann mouton li an lakay Juda, e Li va fè yo vin tankou cheval majeste Li nan batay la. 4 De li menm, va vin parèt wòch ang lan, de li menm, pikèt tant lan, de li menm, banza batay la, de li menm, tout wa yo ansanm. 5 Yo va tankou mesye pwisan yo, k ap foule lènmi yo anba pye yo, nan labou lari a nan batay la. Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye. 6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va sove lakay Joseph la, e mwen va fè yo retounen; paske Mwen gen konpasyon pou yo. Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, e mwen va reponn yo. 7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan e kè yo va kontan konsi se ak diven. Anverite, pitit yo va wè sa, e yo va kontan, kè yo va rejwi nan SENYÈ a. 8 Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an. 9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo. Yo va viv ak pitit yo, e yo va retounen. 10 Mwen va mennen yo retounen soti nan peyi Égypte la, e rasanble yo soti Assyrie. Mwen va mennen yo antre nan peyi Galaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo. 11 Li va pase nan lanmè afliksyon an, e Li va frape lanm lanmè yo, jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch. Epi ògèy Assyrie va vin bese e baton Égypte la va sòti. 12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.

< Zakari 10 >