< Ròm 3 >

1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen?
Hvad fördel hafva då Judarna? Eller hvad är omskärelsen nyttig?
2 Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo.
Jo, ganska mycket. Först, att dem hafver varit betrodt det Gud talat hafver.
3 Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa?
Hvad magt ligger derpå, att somlige af dem icke trodde? Skulle deras otro göra Guds trohet om intet?
4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
Bort det. Vare heldre Gud sannfärdig, och hvar och en menniska lögnaktig; såsom skrifvet är: På det du blifver rättfärdig i din ord, och öfvervinner, när du dömes.
5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)?
Är det nu så, att vår orättfärdighet prisar Guds rättfärdighet; hvad vilje vi säga? Är då Gud orättfärdig, som vredgas deröfver? Jag talar efter menniskosätt.
6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond?
Bort det; ty huru kunde Gud då döma verldena?
7 Men si akoz manti pa m verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè?
Ty om Guds sanning vorde yppare af mine lögn, honom till pris, hvi skulle jag då ännu dömas som en syndare?
8 Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.
Och icke heldre göra, såsom vi vardom försmädde, och som någre säga, att vi skole säga: Låt oss göra ondt, på det der kommer godt af; hvilkas fördömelse är all rätt.
9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche.
Huru är då derom? Hafve vi någon fördel för dem? Allsingen. Ty vi hafve det nu bevisat, att både Judar och Greker äro alle under synd;
10 Jan sa ekri a: “Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
Som skrifvet står: Den är icke till som rättfärdig är; icke en.
11 Pa gen moun ki gen konprann. Pa gen moun ki chache Bondye.
Ingen är ock den som förståndig är; ingen är som aktar Gud.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. Pa gen moun ki fè sa ki bon; pa menm yon sèl.
Alle hafva afvikit; allesamman äro onyttige vordne; ingen är som godt gör; icke till en.
13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
Deras strupe är en öppen graf; deras tungor bruka de till svek; huggormaetter under deras läppar.
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
Deras mun är full med bannor och bitterhet;
15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.
Deras fötter snare till att utgjuta blod;
16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
Förtryckelse och vedermöda i deras vägar;
17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
Och fridsens väg veta de icke.
18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
Guds räddhåge är icke för deras ögon.
19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.
Så vete vi, att allt det lagen säger, det säger hon till dem som under lagen äro; att hvar och en mun skall tillstoppas, och all verlden skall för Gudi brottslig varda;
20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
Derföre, att intet kött kan af lagsens gerningar varda rättfärdigt för honom; ty af lagen känner man syndena.
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo.
Men nu är Guds rättfärdighet, utan lagsens tillhjelp, uppenbar vorden, bevist genom lagen och Propheterna;
22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri.
Den Guds rättfärdighet, säger jag, som kommer af Jesu Christi tro, till alla, och öfver alla de som tro; ty här är ingen åtskilnad.
23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a.
Allesamman äro de syndare, och hafva intet berömma sig af för Gudi;
24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,
Och varda rättfärdige utan förskyllan, af hans nåd, genom den förlossning som i Christo Jesu skedd är;
25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo.
Hvilken Gud hafver satt för en nådastol, genom trona i hans blod, i hvilko han låter se sina rättfärdighet, i thy att han förlåter synderna, som blefna voro under Guds tålamod;
26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
Till att låta se i denna tiden sina rättfärdighet; på det han allena skall vara rättfärdig, och göra den rättfärdigan, som är af Jesu tro.
27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.
Hvar är nu din berömmelse? Hon är utelyckt. Med hvad lag? Med gerningarnas lag? Nej; utan med trones lag.
28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.
Så hålle vi nu det, att menniskan varder rättfärdig af trone, utan lagsens gerningar.
29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou.
Eller är Gud allenast Judarnas Gud? Är han ock icke Hedningarnas Gud? Jo visserliga, ock Hedningarnas;
30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
Efter det en Gud är, som gör omskärelsen rättfärdig af trone, och förhudena genom trona.
31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.
Göre vi då lagen om intet med trone? Bort det; utan vi upprättom lagen.

< Ròm 3 >