< Revelasyon 6 >

1 Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”.
I zobaczyłem, gdy Baranek otworzył pierwszą z pieczęci, i usłyszałem pierwsze z czterech stworzeń mówiące jakby głosem gromu: Chodź i zobacz.
2 Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
I zobaczyłem, a oto biały koń, ten zaś, który na nim siedział, miał łuk. I dano mu koronę, i wyruszył [jako] zwycięzca, żeby zwyciężać.
3 Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!”
A gdy otworzył drugą pieczęć, usłyszałem drugie stworzenie mówiące: Chodź i zobacz.
4 Alò, yon lòt, yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
I wyszedł inny koń, rudy, a temu, który na nim siedział, pozwolono odebrać ziemi pokój, aby ludzie zabijali się nawzajem. I dano mu wielki miecz.
5 Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l.
A gdy otworzył trzecią pieczęć, usłyszałem trzecie stworzenie mówiące: Chodź i zobacz. I zobaczyłem, a oto koń czarny, ten zaś, który na nim siedział, miał w swojej ręce wagę.
6 Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
I usłyszałem głos pośród czterech stworzeń mówiący: Miara pszenicy za grosz i trzy miary jęczmienia za grosz. A nie krzywdź oliwy i wina.
7 Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”.
A gdy otworzył czwartą pieczęć, usłyszałem głos czwartego stworzenia mówiący: Chodź i zobacz.
8 Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo. (Hadēs g86)
I zobaczyłem, oto koń płowy, a temu, który na nim siedział, było na imię Śmierć, a Piekło szło za nim. I dano im władzę nad czwartą częścią ziemi, aby zabijali mieczem i głodem, i zarazą, i przez zwierzęta ziemi. (Hadēs g86)
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
A gdy otworzył piątą pieczęć, widziałem pod ołtarzem dusze zabitych z powodu słowa Bożego i świadectwa, które złożyli.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
I wołały donośnym głosem: Jak długo [jeszcze], Panie święty i prawdziwy, nie będziesz sądził i nie pomścisz naszej krwi na mieszkańcach ziemi?
11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
I dano każdemu [z nich] białą szatę, i powiedziano im, aby odpoczywali jeszcze przez krótki czas, aż dopełni się [liczba] ich współsług i braci, którzy mają zostać zabici jak i oni.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.
I zobaczyłem, gdy otworzył szóstą pieczęć, a oto nastąpiło wielkie trzęsienie ziemi i słońce stało się czarne jak włosiany wór, a księżyc stał się jak krew.
13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van.
Gwiazdy niebieskie spadły na ziemię, podobnie jak drzewo figowe zrzuca niedojrzałe figi, gdy potrząśnie nim gwałtowny wiatr.
14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
I niebo ustąpiło jak zwój zrolowany, a każda góra i wyspa ruszyły się ze swoich miejsc.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.
A królowie ziemscy i możnowładcy, i bogacze, i wodzowie, i mocarze, i każdy niewolnik, i każdy wolny ukryli się w jaskiniach i skałach górskich.
16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an.
I mówili do gór i skał: Padnijcie na nas i zakryjcie nas przed obliczem zasiadającego na tronie i przed gniewem Baranka;
17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
Bo nadszedł wielki dzień jego gniewu. I któż może się ostać?

< Revelasyon 6 >