< Sòm 9 >

1 Pou direktè koral la; Yon sòm David Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo. 2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a. 3 Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou. 4 Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati. 5 Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan. 6 Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt. 7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman. 8 Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis. 9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou (sila) ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la. 10 (Sila) ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone (sila) ki mete konfyans nan Ou yo. 11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo. 12 Paske (Sila) ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a (sila) ki oprime yo. 13 Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz (sila) ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo, 14 pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou. 15 Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann. 16 Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan 17 Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo. (Sheol h7585) 18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan. 19 Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou. 20 Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan

< Sòm 9 >