< Sòm 87 >

1 Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan Fondasyon Li nan mòn sen yo. 2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo. 3 Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan 4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami (sila) ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”. 5 Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak (sila) a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion. 6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan 7 Epi (sila) ki chante ansanm avèk (sila) ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.

< Sòm 87 >