< Sòm 82 >

1 Yon Sòm Asaph Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo. 2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo? 3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo. 4 Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.” 5 Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt. 6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a. 7 Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.” 8 Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.

< Sòm 82 >