< Sòm 79 >

1 Yon Sòm Asaph O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
A psalm of Asaph. God, foreign nations have come into your inheritance; they have defiled your holy temple; they have turned Jerusalem into a heap of ruins.
2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo. Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.
They have given the dead bodies of your servants as food to the birds of the skies, the bodies of your faithful people to the beasts of the earth.
3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo.
They have shed their blood like water around Jerusalem, and there was none to bury them.
4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou (sila) ki antoure nou yo.
We have become a reproach for our neighbors, mocking and derision to those who are around us.
5 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?
How long, Yahweh? Will you stay angry forever? How long will your jealous anger burn like fire?
6 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.
Pour out your wrath on the nations that do not know you and on the kingdoms that do not call upon your name.
7 Paske yo te devore Jacob. Yo te devaste abitasyon Li an.
For they have devoured Jacob and destroyed his villages.
8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.
Do not hold the sins of our forefathers against us; may your merciful actions come to us, for we are very low.
9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.
Help us, God of our salvation, for the sake of the glory of your name; save us and forgive our sins for your name's sake.
10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
Why should the nations say, “Where is their God?” May the blood of your servants that was shed be avenged on the nations before our eyes.
11 Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève (sila) ki kondane a lamò.
May the groans of the prisoners come before you; with the greatness of your power keep the children of death alive.
12 Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk (sila) yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
Pay back into the laps of our neighboring countries seven times as much as the insults with which they have insulted you, Lord.
13 Konsa nou menm, pèp Ou a, ak mouton a patiraj Ou a, Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.
So we your people and sheep of your pasture will give you thanks forever. We will tell your praises to all generations.

< Sòm 79 >