< Sòm 76 >

1 Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd Yon Sòm Asaph, yon Chanson Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.
For the Chief Musician. On stringed instruments. A Psalm by Asaph. A song. In Judah, God is known. His name is great in Israel.
2 Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.
His tabernacle is also in Salem. His dwelling place in Zion.
3 La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
There he broke the flaming arrows of the bow, the shield, and the sword, and the weapons of war. (Selah)
4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo.
Glorious are you, and excellent, more than mountains of game.
5 (Sila) ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
Valiant men lie plundered, they have slept their last sleep. None of the men of war can lift their hands.
6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
At your rebuke, God of Jacob, both chariot and horse are cast into a dead sleep.
7 Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
You, even you, are to be feared. Who can stand in your sight when you are angry?
8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas
You pronounced judgment from heaven. The earth feared, and was silent,
9 lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan
when God arose to judgment, to save all the afflicted ones of the earth. (Selah)
10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
Surely the wrath of man praises you. The survivors of your wrath are restrained.
11 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout (sila) ki antoure Li yo mennen don a (Sila) ki merite lakrent lan.
Make vows to Yahweh your God, and fulfill them! Let all of his neighbors bring presents to him who is to be feared.
12 Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.
He will cut off the spirit of princes. He is feared by the kings of the earth.

< Sòm 76 >