< Sòm 75 >

1 Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi” Yon Sòm Asaph, yon Chanson Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo. 2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, Mwen va jije avèk jistis. 3 Latè avèk tout sa ki ladann souke. Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan 4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan. 5 Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.” 6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, ni bò kote dezè a, kab gen fòs pou leve moun anwo; 7 Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo. 8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li. 9 Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan. Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la. 10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.

< Sòm 75 >