< Sòm 64 >

1 Pou direktè koral la. Yon Sòm David. Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an. 2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a (sila) ki fè mechanste yo. 3 Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo, 4 pou tire an kachèt sou (sila) ki inosan yo. Sibitman yo tire sou li, san lakrent. 5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?” 6 Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon. 7 Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. Sibitman, yo va blese. 8 Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo. 9 Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a. 10 Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

< Sòm 64 >