< Sòm 63 >

1 Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a. O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo. 2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a, ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou. 3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi, lèv mwen va louwe Ou. 4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou. 5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa. 6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen, mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la. 7 Paske Ou te konn sekou mwen. Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa. 8 Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe. 9 Men (sila) ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè. 10 Yo va livre a pouvwa nepe. Yo va tounen manje pou rena mawon. 11 Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a (sila) ki bay manti yo, va fèmen.

< Sòm 63 >