< Sòm 61 >

1 Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen. 2 Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan. 3 Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo. 4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan. Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan 5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a (sila) ki gen krent non Ou yo. 6 Ou va fè lavi a wa a byen long. Ane li yo va tankou anpil jenerasyon. 7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire. 8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.

< Sòm 61 >