< Sòm 56 >

1 Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath. Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An” Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen. 2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout (sila) ki goumen ak ògèy kont mwen yo. 3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou. 4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m? 5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal. 6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m. 7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye! 8 Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a? 9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen. 10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li. 11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m? 12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm. 13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.

< Sòm 56 >