< Sòm 5 >

1 Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David. Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ. Konsidere refleksyon mwen yo. 2 Koute bri kri sekou mwen yo, Wa mwen e Bondye mwen. Pou Ou menm, mwen ap priye. 3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye. 4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste. Nanpwen mal ki rete avèk Ou. 5 (Sila) ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou. Ou rayi tout (sila) ki fè inikite yo. 6 Ou detwi (sila) ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun. 7 Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon. 8 O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen. 9 Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo. 10 Kenbe yo koupab, O Bondye. Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe! Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou. 11 Men kite tout (sila) ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite (sila) ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou. 12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.

< Sòm 5 >