< Sòm 43 >

1 Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lezòm mantè e enjis yo! 2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an. Poukisa Ou rejte m? Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an? 3 Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou; kite yo mennen mwen. Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo. 4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a, Bondye lajwa m ki depase limit lan. Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj, O Bondye, Bondye mwen an. 5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.

< Sòm 43 >