< Sòm 36 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l. 2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la. 3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon. 4 Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal. 5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la. 6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt. 7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou. 8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa, Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo. 9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè. 10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou (sila) ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou (sila) ki dwat nan kè yo. 11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale. 12 Se la (sila) k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

< Sòm 36 >