< Sòm 35 >

1 Yon Sòm David Fè fòs SENYÈ, kont (sila) k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak (sila) k ap goumen kont mwen yo. 2 Pran an men boukliye ak pwotèj la, epi leve kon sekou mwen. 3 Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre (sila) k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”! 4 Kite (sila) k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon. 5 Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale. 6 Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan, Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo. 7 Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen. 8 Kite l fin detwi nèt san l pa konnen. Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm. Kite l tonbe nan destriksyon sa a. 9 Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a. Li va leve wo nan delivrans Li. 10 Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a (sila) ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a (sila) menm k ap vòlè yo?” 11 Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen. 12 Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen. 13 Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m. 14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li. 15 Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete. 16 Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo. 17 SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo. 18 Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul. 19 Pa kite (sila) ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite (sila) ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen. 20 Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe (sila) ki kalm nan peyi yo. 21 Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!” 22 Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m. 23 Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen. 24 Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou. Pa kite yo rejwi sou mwen. 25 Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!” 26 Kite (sila) ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite (sila) ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon. 27 Kite (sila) ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.” 28 Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.

< Sòm 35 >