< Sòm 32 >

1 Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon A la beni se (sila) ki padone pou transgresyon li, pou peche li ki kouvri a! 2 A la nonm beni se (sila) SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a (sila) ki pa gen manti a. 3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen. 4 Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan 5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou, e inikite mwen, mwen pa t ankò kache. Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”, epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo. 6 Konsa, kite tout (sila) ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò. 7 Ou se kote ke m konn kache a. Ou pwoteje mwen kont gwo twoub. Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo. 8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan (sila) ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou. 9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou. 10 Anpil se tristès a mechan yo, men (sila) ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li. 11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

< Sòm 32 >