< Sòm 30 >

1 Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen. 2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen. 3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la. (Sheol h7585) 4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li. 5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten. 6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.” 7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt. 8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo: 9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou? 10 Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.” 11 Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan. 12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

< Sòm 30 >