< Sòm 3 >

1 Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen. 2 Anpil moun pale de nanm mwen, “Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.” Tan 3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak (Sila) ki fè tèt mwen leve a. 4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan 5 Mwen te kouche e dòmi; mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs. 6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote. 7 Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo. 8 Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.

< Sòm 3 >