< Sòm 23 >

1 Yon sòm David Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen. 2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo. Li mennen m akote dlo pezib yo. 3 Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an. 4 Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans. 5 Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt. 6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.

< Sòm 23 >