< Sòm 21 >

1 Pou direktè koral la; Yon sòm David O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen! 2 Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo. 3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li. 4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan. 5 Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li. 6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou. 7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm. 8 Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn (sila) ki rayi ou yo. 9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo. 10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo. 11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi. 12 Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl. 13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

< Sòm 21 >