< Sòm 20 >

1 Pou direktè koral la; Yon sòm David Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo! 2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan sanktiyè a, epi bay ou soutyen soti nan Sion. 3 Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo, ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab! 4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou, e akonpli tout plan ou yo! 5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo. 6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a va delivre moun onksyone pa Li a. Li va reponn li soti nan syèl sen Li an, avèk delivrans pwisan men dwat Li a. 7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an. 8 Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat. 9 Delivre nou O SENYÈ! Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

< Sòm 20 >