< Sòm 2 >

1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay? 2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a: 3 “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!” 4 (Sila) ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo. 5 Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li. 6 Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an. 7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou. 8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou. 9 Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.” 10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo. 11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman. 12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout (sila) ki kache nan Li.

< Sòm 2 >