< Sòm 150 >

1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo! 2 Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li! 3 Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita! 4 Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit! 5 Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti! 6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!

< Sòm 150 >