< Sòm 15 >

1 Yon sòm David O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an? 2 (Sila) ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a; 3 ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li; 4 nan zye a (sila) yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a (sila) ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm; 5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. (Sila) ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

< Sòm 15 >