< Sòm 149 >

1 Louwe SENYÈ a! Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, avèk lwanj Li nan asanble fidèl Li yo. 2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a. 3 Kite yo louwe non Li avèk dans! Kite yo chante lwanj a Li avèk tanbouren ak gita. 4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a. Li va anbeli enb yo avèk sali Li. 5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa. Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo. 6 Ke gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo, ak yon nepe file de bò nan men yo, 7 pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo; 8 pou mare wa yo ak chenn, ak moun pwisan yo nan gwo chenn an fè, 9 pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!

< Sòm 149 >