< Sòm 145 >

1 Yon chan lwanj pa David Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan. 2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan. 3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm. 4 Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo. 5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan. 6 Lezòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo e mwen va pale jan Ou gran. 7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou. 8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a. 9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout zèv Li yo. 10 Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi O SENYÈ,” e fidèl Ou yo va beni Ou. 11 Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e pale sou zafè pouvwa Ou yo; 12 Pou fè rekonèt a fis a lòm yo, zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak majeste a wayòm Ou an. 13 Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo. 14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout (sila) ki vin pwostène yo. 15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. Ou bay yo manje yo nan lè yo. 16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi a tout (sila) k ap viv yo. 17 Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo. 18 SENYÈ a toupre tout (sila) ki rele Li yo, tout (sila) ki rele li ak verite yo. 19 Li va ranpli dezi a (sila) ki gen lakrent Li yo. Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo. 20 SENYÈ a kenbe tout (sila) ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi 21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, e tout chè va beni sen non Li an jis pou tout tan e pou tout tan.

< Sòm 145 >