< Sòm 143 >

1 Yon Sòm David Tande lapriyè mwen, O SENYÈ. Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo. Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou! 2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis. 3 Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou (sila) ki mouri lontan yo. 4 Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m. 5 Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo. 6 Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche. 7 Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon (sila) ki desann nan fòs yo. 8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen. 9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou. 10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou, paske se Ou menm ki Bondye mwen. Lespri Ou bon. Kondwi mwen sou tèren ladwati a. 11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen. Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la. 12 Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout (sila) ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.

< Sòm 143 >