< Sòm 140 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. Delivre m de moun vyolan yo: 2 ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè. 3 Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan 4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo. 5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan 6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo. 7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la. 8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan 9 Epi pou chèf an tèt a (sila) ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo. 10 Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti. 11 (Sila) ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan. 12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a. 13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

< Sòm 140 >