< Sòm 137 >

1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion. 2 Sou pye sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo. 3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.” 4 Kijan pou nou ta chante chan SENYÈ a nan yon peyi etranje? 5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li. 6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo. 7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.” 8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te devaste nou an, A la beni (sila) ki rekonpanse ou ak menm rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni! 9 A la beni (sila) ki sezi pitit ou yo, e ki kraze yo nan wòch la va beni!

< Sòm 137 >