< Sòm 131 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen. 2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. Menm jan ke yon pitit poze sou manman l, anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre. 3 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a depi koulye a e jis rive pou tout tan.

< Sòm 131 >