< Sòm 129 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a: 2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen. 3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.” 4 SENYÈ a dwat. Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout. 5 Ke tout (sila) ki rayi Sion yo vin wont! Ke yo retounen fè bak menm. 6 Kite yo vin tankou zèb sou kay la; zèb ki fennen avan li grandi, 7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, oubyen (sila) ki mare pote pake a, pa p ka plen lestomak li. 8 Ni (sila) ki pase yo, p ap di: “Ke benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. Nou beni ou nan non SENYÈ a.”

< Sòm 129 >