< Sòm 128 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. A la beni se tout (sila) ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo. 2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou. 3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou. 4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni. 5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion; ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo! 6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo! Ke lapè rete sou Israël!

< Sòm 128 >