< Sòm 124 >

1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a, 2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, lè lezòm te leve kont nou yo, 3 Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an. 4 Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou. 5 Nan lè sa a, dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou. 6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo. 7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape. 8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.

< Sòm 124 >