< Sòm 122 >

1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David. Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.” 2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem! 3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm, 4 sou (sila) tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo, yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a. 5 Paske la, twòn yo te plase pou jijman, twòn lakay David yo. 6 Priye pou lapè Jérusalem. (Sila) ki renmen ou yo va pwospere. 7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo. 8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a, “Ke lapè anndan ou”. 9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.

< Sòm 122 >