< Sòm 121 >

1 Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti? 2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a. 3 Li p ap kite pye ou chape. (Sila) ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi. 4 Gade byen, (Sila) ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi. 5 SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou. 6 Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit. 7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou. 8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

< Sòm 121 >