< Sòm 120 >

1 Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen. 2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo. 3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè? 4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen. 5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo! 6 Nanm mwen gen demè li avèk (sila) ki rayi lapè yo pandan twòp tan. 7 Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

< Sòm 120 >