< Sòm 119 >

1 ALÈPH. A la beni se (sila) ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.
Salige de, hvis Vandel er fulde, som vandrer i HERRENs Lov.
2 A la beni se (sila) ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
Salige de, der agter på hans Vidnesbyrd, søger ham af hele deres Hjerte.
3 Ki pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
de, som ikke gør Uret, men vandrer på hans Veje.
4 Ou te òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
Du har givet dine Befalinger, for at de nøje skal holdes.
5 O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
O, måtte jeg vandre med faste Skridt, så jeg holder dine Vedtægter!
6 Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.
Da skulde jeg ikke blive til - Skamme, thi jeg så hen til alle dine Bud.
7 Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
Jeg vil takke dig af oprigtigt Hjerte, når jeg lærer din Retfærds Lovbud.
8 Mwen va kenbe règleman Ou yo. Pa abandone m nèt!
Jeg vil holde dine Vedtægter, svigt mig dog ikke helt!
9 BETH Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.
Hvorledes holder en ung sin Vej ren? Ved at bolde sig efter dit Ord.
10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
Af hele mit Hjerte søger jeg dig, lad mig ikke fare vild fra dine Bud!
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m, pou m pa t peche kont Ou.
Jeg gemmer dit Ord i mit Hjerte for ikke at synde imod dig.
12 Beni se Ou menm SENYÈ a. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Lovet være du, HERRE, lær mig dine Vedtægter!
13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.
Jeg kundgør med mine Læber alle din Munds Lovbud.
14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.
Jeg glæder mig over dine Vidnesbyrds Vej, som var det al Verdens Rigdom.
15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo, e okipe chemen Ou yo.
Jeg vil grunde på dine Befalinger og se til dine Stier.
16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou.
I dine Vedtægter har jeg min Lyst, jeg glemmer ikke dit Ord.
17 GIMEL Aji ak gras avèk sèvitè Ou a, pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
Und din Tjener at leve, at jeg kan holde dit Ord.
18 Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
Oplad mine Øjne, at jeg må skue de underfulde Ting i din Lov.
19 Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
Fremmed er jeg på Jorden, skjul ikke dine Bud for mig!
20 Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
Altid hentæres min Sjæl af Længsel efter dine Lovbud.
21 Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen yo, k ap egare kite kòmandman Ou yo.
Du truer de frække; forbandede er de, der viger fra dine Bud.
22 Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
Vælt Hån og Ringeagt fra mig, thi jeg agter på dine Vidnesbyrd.
23 Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen, Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
Om Fyrster oplægger Råd imod mig, grunder din Tjener på dine Vedtægter.
24 Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo.
Ja, dine Vidnesbyrd er min Lyst, det er dem, der giver mig Råd.
25 DALETH Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
I Støvet ligger min Sjæl, hold mig i Live efter dit Ord!
26 Mwen te pale sou chemen mwen yo, e Ou te reponn mwen. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Mine Veje lagde jeg frem, og du bønhørte mig, dine Vedtægter lære du mig.
27 Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
Lad mig fatte dine Befalingers Vej og grunde på dine Undere.
28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè. Ban m fòs selon pawòl Ou a.
Af Kummer græder. min Sjæl, oprejs mig efter dit Ord!
29 Retire sou mwen fo chemen an e ban mwen gras nan lalwa Ou a.
Lad Løgnens Vej være langt fra mig og skænk mig i Nåde din Lov!
30 Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a. Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
Troskabs Vej har jeg valgt, dine Lovbud attrår jeg.
31 Mwen kole rèd de temwayaj Ou yo. O SENYÈ, pa fè m desi.
Jeg hænger ved dine Vidnesbyrd, lad mig ikke beskæmmes, HERRE!
32 Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi.
Jeg vil løbe dine Buds Vej, thi du giver mit Hjerte at ånde frit.
33 HE Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo e mwen va obsève li jiska lafen.
Lær mig, HERRE, dine Vedtægters Vej, så jeg agter derpå til Enden.
34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
Giv mig Kløgt, så jeg agter på din Lov og holder den af hele mit Hjerte.
35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo, paske sa fè kè m kontan.
Før mig ad dine Buds Sti, thi jeg har Lyst til dem.
36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo, e pa nan ranmase richès malonèt.
Bøj mit Hjerte til dine Vidnesbyrd og ej til uredelig Vinding.
37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
Vend mine Øjne bort fra Tant, hold mig i Live ved dit Ord!
38 Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a, kon (sila) ki gen lakrent Ou.
Stadfæst for din Tjener dit Ord, så jeg lærer at frygte dig.
39 Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
Hold borte fra mig den Skændsel, jeg frygter, thi dine Lovbud er gode.
40 Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou.
Se, dine Befalinger længes jeg efter, hold mig i Live ved din Retfærd!
41 VAV Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen, O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
Lad din Miskundhed komme over mig, HERRE, din Frelse efter dit Ord,
42 Pou m kab genyen yon repons pou (sila) ki repwoche m nan, paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
så jeg har Svar til dem, der spotter mig, thi jeg stoler på dit Ord.
43 Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
Tag ikke ganske Sandheds Ord fra min Mund, thi jeg bier på dine Lovbud.
44 Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt, pou tout tan e pou tout tan.
Jeg vil stadig holde din Lov, ja evigt og altid;
45 Epi mwen va mache nan libète, paske se òdonans Ou ke m chache.
jeg vil vandre i åbent Land, thi dine Befalinger ligger mig på Sinde.
46 Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.
Jeg vil tale om dine Vidnesbyrd for Konger uden at blues;
47 Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo, ke mwen tèlman renmen.
jeg vil fryde mig over dine Bud, som jeg højlige elsker;
48 Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo ke m tèlman renmen. Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
jeg vil udrække Hænderne mod dine Bud og grunde på dine Vedtægter.
49 ZAYIN Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
Kom Ordet til din Tjener i Hu, fordi du har ladet mig håbe.
50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
Det er min Trøst i Nød, at dit Ord har holdt mig i Live.
51 Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.
De frække hånede mig såre, dog veg jeg ej fra din Lov.
52 Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ, e yo rekonfòte mwen.
Dine Lovbud fra fordum, HERRE, kom jeg i Hu og fandt Trøst.
53 Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo, ki abandone lalwa Ou.
Harme greb mig over de gudløse, dem, der slipper din Lov.
54 Règleman Ou yo se chanson mwen nan kay kote m demere.
Dine vedtægter blev mig til Sange i min Udlændigheds Hus.
55 O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e mwen kenbe lalwa Ou.
Om Natten kom jeg dit Navn i Hu, HERRE, jeg holdt din Lov.
56 Se sa ki chemen m, mwen kenbe tout òdonans Ou yo.
Det blev min lykkelige Lod: at agte på dine Befalinger.
57 HETH Se SENYÈ a ki pòsyon mwen. Mwen te fè pwomès pou kenbe pawòl Ou yo.
Min Del er HERREN, jeg satte mig for at holde dine Ord.
58 Mwen te chache favè Ou ak tout kè m. Fè m gras selon pawòl Ou.
Jeg bønfaldt dig af hele mit Hjerte, vær mig nådig efter dit Ord!
59 Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
Jeg overtænkte mine Veje og styred min Fod tilbage til dine Vidnesbyrd.
60 Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta pou obeyi kòmandman Ou yo.
Jeg hasted og tøved ikke med at holde dine Bud.
61 Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.
De gudløses Snarer omgav mig, men jeg glemte ikke din Lov.
62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman, akoz òdonans dwat Ou yo.
Jeg, står op ved Midnat og takker dig for dine retfærdige Lovbud.
63 Mwen se zanmi parèy a tout (sila) ki gen lakrent Ou yo ak (sila) ki swiv règleman Ou yo.
Jeg er Fælle med alle, der frygter dig og holder dine Befalinger.
64 Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo.
Jorden er fuld af din Miskundhed, HERRE, lær mig dine Vedtægter!
65 TETH Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
Du gjorde vel mod din Tjener, HERRE, efter dit Ord.
66 Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans, Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
Giv mig Forstand og indsigt, thi jeg tror på dine Bud.
67 Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
For jeg blev ydmyget, for jeg vild, nu holder jeg dit Ord.
68 Ou bon e Ou fè sa ki bon. Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
God er du og gør godt, lær mig dine Vedtægter!
69 Awogan yo te fòje yon manti kont mwen. Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
De frække tilsøler mig med Løgn, men på dine Bud tager jeg hjerteligt Vare.
70 Kè yo rèd, kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
Deres Hjerte er dorskt som Fedt, jeg har min Lyst i din Lov.
71 Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
Det var godt, at jeg blev ydmyget, så jeg kunde lære dine Vedtægter.
72 Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye.
Din Munds Lov er mig mere værd end Guld og Sølv i Dynger.
73 YODH Men Ou te fè m e te fòme mwen. Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
Dine Hænder skabte og dannede mig, giv mig Indsigt; så jeg kan lære dine Bud!
74 Ke (sila) ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan. Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
De, der frygter dig, ser mig og glædes, thi jeg bier på dit Ord.
75 Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.
HERRE, jeg ved, at dine Bud er retfærdige, i Trofasthed har du ydmyget mig.
76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen, Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
Lad din Miskundhed være min Trøst efter dit Ord til din Tjener!
77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv, paske lalwa Ou se plezi mwen.
Din Barmhjertighed finde mig, at jeg må leve, thi din Lov er min Lyst.
78 Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
Lad de frække beskæmmes, thi de gør mig skammelig Uret, jeg grunder på dine Befalinger.
79 Ke (sila) ki krent Ou yo kapab vire kote mwen. Yo va konnen règleman Ou yo.
Lad dem, der frygter dig, vende sig til mig, de, der kender dine Vidnesbyrd.
80 Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi.
Lad mit Hjerte være fuldkomment i dine Vedtægter, at jeg ikke skal blive til Skamme.
81 KAPH Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou. Se pawòl Ou m ap tann.
Efter din Frelse længes min Sjæl, jeg bier på dit Ord.
82 Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
Mine Øjne længes efter dit Ord og siger: "Hvornår mon du trøster mig?"
83 Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.
Thi jeg er som en Lædersæk i Røg, men dine Vedtægter glemte jeg ikke.
84 Konbyen jou sèvitè Ou gen? Se kilè Ou va pase jijman sou (sila) ki pèsekite mwen yo?
Hvor langt er vel din Tjeners Liv? Når vil du dømme dem, der forfølger mig?
85 Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, (Sila) ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
De frække grov mig Grave, de, som ej følger din Lov.
86 Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
Alle dine Bud er trofaste, med Løgn forfølger man mig, o hjælp mig!
87 Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.
De har næsten tilintetgjort mig på Jorden, men dine Befalinger slipper jeg ikke.
88 Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo.
Hold mig i Live efter din Miskundhed, at jeg kan holde din Munds Vidnesbyrd.
89 LAMEDH Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin etabli nan syèl la.
HERRE, dit Ord er evigt, står fast i Himlen.
90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo. Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
Din Trofasthed varer fra Slægt til Slægt, du grundfæsted Jorden, og den står fast.
91 Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou. Paske tout bagay se sèvitè Ou.
Dine Lovbud står fast, de holder dine Tjenere oppe.
92 Si lalwa Ou pa t plezi mwen, mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
Havde din Lov ej været min Lyst, da var jeg omkommet i min Elende.
93 Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
Aldrig i Evighed glemmer jeg dine Befalinger, thi ved dem holdt du mig i Live.
94 Se pa W mwen ye. Fè m sekou! Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
Din er jeg, frels mig, thi dine Befalinger ligger mig på Sinde.
95 Mechan yo ap tann mwen pou detwi m. Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
De gudløse lurer på at lægge mig øde, dine Vidnesbyrd mærker jeg mig.
96 Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast.
For alting så jeg en Grænse, men såre vidt rækker dit Bud.
97 MEM O! A la mwen renmen lalwa Ou a! Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
Hvor elsker jeg dog din Lov! Hele Dagen grunder jeg på den.
98 Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.
Dit Bud har gjort mig visere end mine Fjender, thi det er for stedse mit.
99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo, Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
Jeg er klogere end alle mine Lærere, thi jeg grunder på dine Vidnesbyrd.
100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
Jeg har mere Forstand end de gamle; jeg agter på dine Bud.
101 Mwen te anpeche pye m antre nan tout wout ki gen mechanste, Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
Jeg holder min Fod fra hver Vej, som er ond, at jeg kan holde dit Ord.
102 Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.
Fra dine Lovbud veg jeg ikke, thi du underviste mig.
103 A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
Hvor sødt er dit Ord for min Gane, sødere end Honning for min Mund.
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann. Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
Ved dine Befalinger fik jeg Forstand, så jeg hader al Løgnens Vej.
105 NUN Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.
Dit Ord er en Lygte for min Fod, et Lys på min Sti.
106 Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
Jeg svor en Ed og holdt den: at følge dine retfærdige Lovbud.
107 Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
Jeg er såre ydmyget, HERRE, hold mig i Live efter dit Ord!
108 O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
Lad min Munds frivillige Ofre behage dig, HERRE, og lær mig dine Lovbud!
109 Lavi m tout tan nan men m, malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
Altid går jeg med Livet i Hænderne, men jeg glemte ikke din Lov.
110 Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen, malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
De gudløse lægger Snarer for mig, men fra dine Befalinger for jeg ej vild.
111 Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.
Dine Vidnesbyrd fik jeg til evigt Eje, thi de er mit Hjertes Glæde.
112 Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo jis pou tout tan, jiska lafen.
Jeg bøjed mit Hjerte til at holde dine Vedtægter for evigt til Enden.
113 SAMEKH Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
Jeg hader tvesindet Mand, men jeg elsker din Lov.
114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen, Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
Mit Skjul og mit Skjold er du, jeg bier på dit Ord.
115 Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
Vig fra mig, I, som gør ondt, jeg vil holde min Guds Bud.
116 Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv. Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
Støt mig efter dit Ord, at jeg må leve, lad mig ikke beskæmmes i mit Håb!
117 Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
Hold mig oppe, at jeg må frelses og altid have min Lyst i dine Vedtægter!
118 Ou te rejte tout (sila) ki te egare kite règleman Ou yo, paske sediksyon yo a pa reyisi.
Du forkaster alle, der farer vild fra dine Vedtægter, thi de higer efter Løgn.
119 Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou kim initil. Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
For Slagger regner du alle Jordens gudløse, derfor elsker jeg dine Vidnesbyrd.
120 Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo.
Af Rædsel for dig gyser mit Kød, og jeg frygter for dine Lovbud.
121 AYIN Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
Ret og Skel har jeg gjort, giv mig ikke hen til dem, der trænger mig!
122 Aji kon soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a. Pa kite awogan yo oprime mwen.
Gå i Borgen for din Tjener, lad ikke de frække trænge mig!
123 Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
Mine Øjne vansmægter efter din Frelse og efter dit Retfærds Ord.
124 Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Gør med din Tjener efter din Miskundhed og lær mig dine Vedtægter!
125 Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann pou m konnen temwayaj Ou yo.
Jeg er din Tjener, giv mig Indsigt, at jeg må kende dine Vidnesbyrd!
126 Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.
Det er Tid for HERREN at gribe ind, de har krænket din Lov.
127 Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo, plis pase lò, wi plis pase lò fen.
Derfor elsker jeg dine Bud fremfor Guld og Skatte.
128 Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo.
Derfor følger jeg oprigtigt alle dine Befalinger og hader hver Løgnens Sti.
129 PE Temwayaj Ou yo mèvèye. Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
Underfulde er dine Vidnesbyrd, derfor agted min Sjæl på dem.
130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a (sila) ki senp yo.
Tydes dine Ord, så bringer de Lys, de giver enfoldige Indsigt.
131 Mwen te louvri bouch mwen byen laj e te rale souf mwen byen vit. Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
Jeg åbned begærligt min Mund, thi min Attrå stod til dine Bud.
132 Vire kote mwen e fè m gras, menm jan ke Ou konn fè ak (sila) ki renmen non Ou yo.
Vend dig til mig og vær mig nådig, som Ret er for dem, der elsker dit Navn!
133 Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
Lad ved dit Ord mine Skridt blive faste og ingen Uret få Magten over mig!
134 Rachte mwen anba opresyon a lòm, pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
Udløs mig fra Menneskers Vold, at jeg må holde dine Befalinger!
135 Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Lad dit Ansigt lyse over din Tjener og lær mig dine Vedtægter!
136 Se rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m, akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a.
Vand i Strømme græder mine Øjne, fordi man ej holder din Lov.
137 TZADHE Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
Du er retfærdig, HERRE, og retvise er dine Lovbud.
138 Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
Du slog dine Vidnesbyrd fast ved Retfærd og Troskab så såre.
139 Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
Min Nidkærhed har fortæret mig, thi mine Fjender har glemt dine Ord.
140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
Dit Ord er fuldkommen rent, din Tjener elsker det.
141 Mwen vin piti e meprize. Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
Ringe og ussel er jeg, men dine Befalinger glemte jeg ikke.
142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
Din Retfærd er Ret for evigt, din Lov er Sandhed.
143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen. Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
Trængsel og Angst har ramt mig, men dine Bud er min Lyst.
144 Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan. Ban mwen bon konprann pou m kab viv.
Dine Vidnesbyrd er Ret for evigt, giv mig indsigt, at jeg må leve!
145 QOPH Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
Jeg råber af hele mit Hjerte, svar mig, HERRE, jeg agter på dine Vedtægter.
146 Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
Jeg råber til dig, o frels mig, at jeg kan holde dine Vidnesbyrd!
147 Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.
Årle råber jeg til dig om Hjælp, og bier på dine Ord.
148 Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la, konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
Før Nattevagtstimerne våger mine Øjne for at grunde på dit Ord.
149 Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
Hør mig efter din Miskundhed, HERRE, hold mig i Live efter dit Lovbud!
150 (Sila) ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
De, der skændigt forfølger mig, er mig nær, men de er langt fra din Lov.
151 Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
Nær er du, o HERRE, og alle dine Bud er Sandhed.
152 Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo.
For længst vandt jeg Indsigt af dine Vidnesbyrd, thi du har grundfæstet dem for evigt.
153 RESH Gade sou afliksyon mwen an e delivre m, paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
Se min Elende og fri mig, thi jeg glemte ikke din Lov.
154 Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
Før min Sag og udløs mig, hold mig i Live efter dit Ord!
155 Sali a lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
Frelsen er langt fra de gudløse, thi dine Vedtægter ligger dem ikke, på Sinde.
156 Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ. Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
Din Barmhjertighed er stor, o HERRE, hold mig i Live efter dine Lovbud!
157 Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo. Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
Mange forfølger mig og er mig fjendske, fra dine Vidnesbyrd veg jeg ikke.
158 Mwen gade moun trèt yo e mwen rayi yo nèt, akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
Jeg væmmes ved Synet af troløse, der ikke holder dit Ord.
159 Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
Se til mig, thi jeg elsker dine Befalinger, HERRE, hold mig i Live efter din Miskundhed!
160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.
Summen af dit Ord er Sandhed, og alt dit retfærdige Lovbud varer evigt.
161 SIN AK SHIN Prens yo pèsekite mwen san koz, men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
Fyrster forfulgte mig uden Grund, men mit Hjerte frygted dine Ord.
162 Mwen rejwi nan pawòl Ou kon yon moun ki jwenn gwo piyaj.
Jeg glæder mig over dit Ord som en, der har gjort et vældigt Bytte.
163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo. Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
Jeg hader og afskyr Løgn, din Lov har jeg derimod kær.
164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
Jeg priser dig syv Gange daglig for dine retfærdige Lovbud.
165 (Sila) ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè. Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
Megen Fred har de, der elsker din Lov, og intet bliver til Anstød for dem.
166 Mwen espere gen Sali Ou, O SENYÈ. Mwen te fè kòmandman Ou yo.
Jeg håber på din Frelse, HERRE, og jeg har holdt dine Bud.
167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo. Mwen renmen yo anpil anpil.
Min Sjæl har holdt dine Vidnesbyrd, jeg har dem såre kære.
168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo, Paske se tout chemen mwen yo ki devan Ou.
Jeg holder dine Befalinger og Vidnesbyrd, thi du kender alle mine Veje.
169 TAV Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ. Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
Lad min Klage nå frem for dit Åsyn, HERRE, giv mig Indsigt efter dit Ord!
170 Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou. Delivre mwen selon pawòl Ou.
Lad min Bøn komme frem for dit Åsyn, frels mig efter dit Ord!
171 Kite lèv mwen eksprime lwanj, paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Mine Læber skal synge din Pris, thi du lærer mig dine Vedtægter.
172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou, paske tout kòmandman Ou yo dwat.
Min Tunge skal synge om dit Ord, thi alle dine Bud er Retfærd.
173 Kite men Ou parèt pou fè m sekou, paske mwen te chwazi òdonans Ou yo.
Lad din Hånd være mig til Hjælp, thi jeg valgte dine Befalinger.
174 Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ. Lalwa Ou se gran plezi mwen.
Jeg længes efter din Frelse, HERRE, og din Lov er min Lyst.
175 Kite nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou. Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
Gid min Sjæl må leve, at den kan prise dig, og lad dine Lovbud være min Hjælp!
176 Mwen te vin egare tankou yon mouton pèdi. Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.
Farer jeg vild som det tabte Får, så opsøg din Tjener, thi jeg glemte ikke dine Bud.

< Sòm 119 >