< Sòm 118 >

1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 2 O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”. 3 O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.” 4 O kite (sila) ki krent SENYÈ yo di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.” 5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj. 6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m? 7 SENYÈ a pou mwen pami (sila) ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan (sila) ki rayi mwen yo. 8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan lòm. 9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan prens yo. 10 Tout nasyon yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt. 11 Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt. 12 Yo te antoure mwen tankou myèl. Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt. 13 Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou. 14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen. 15 Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan! 16 Men dwat a SENYÈ a leve wo! Men dwat a SENYÈ a se vanyan! 17 Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo. 18 SENYÈ a te korije m ak severite, men Li pa t lage mwen a lanmò. 19 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a. 20 Sa se pòtay SENYÈ a. Moun ladwati yo va antre ladann. 21 Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen. 22 Wòch ke (sila) ki t ap bati yo te refize a, gen tan vini wòch ang prensipal la. 23 Sa fèt pa SENYÈ a. Li se yon mèvèy nan zye nou. 24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè. Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann. 25 O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou! O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans! 26 Beni se (sila) ki vini nan non SENYÈ a! Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a. 27 SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo. 28 Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo. 29 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon! Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

< Sòm 118 >